FROM:  Creation Research Society   
www.creationresearch.org
Creation Matters  • Vol. 15, No. 1 • Jan/Feb 2010, Pg. 12
Nesesite Lous Nwa yo
Fèt pa:
Dr. Jonathan C. O'Quinn

Bib la anseye nou ke Bondye te kreye tout bagay vivan yo selon resanblans yo. Nou kapab klèman panse ke Bondye bay tout kreyati vivan yo entèlijans ak abilite ke yo chak bezwen pou viv. An nou eseye gade bèt yo rele lous nwa kòm egzanp.

Pandan sezon ibènasyon an, anpil demach filozofik bese dramatikman sou bèt ki rele lous nwa a ki pa ni manje ni bwè pandan tan sa, men ki itilize boul grès ki nan kò li yo kòm sous enèji. Lè kò a manke fè mouvman e ke genyen anpil grangou pandan sezon ibènasyon an, kò a ap vin ratresi anpil e rezilta yo pap lòt ke pèdi fòs. Men sa ki vrèman etranj, lous nwa a pa pèdi yon ti kras nan gwosè li pandan tout tan sa yo ke li pa ni manje ni bwè a. Se sèlman manman ki nouris yo ki ka pèdi anviwon 4-10% pwoteyin nan kò yo.

Li vin sanble ke nivo molekilè a ki se yon kantite kodaj jèn pou anzim yo yo itilize pou sentèz pwoteyin ki nan misk eskelèt la e nan fwa a eksprime grandman pandan sezon ibènasyon an. Jèn ki anlouraje pwoteyin yo kraze ap diminye anmenm tan pandan krazaj tip-1 kolajèn ki nan tisi konektif yo ap bay asid amine ki esansyèl pou sentèz pwoteyin yo. Sa pèmèt lous nwa a redwi e kontraksyon miskilè a pandan tout tan kò a pa travay la e grangou a pandan sezon ibènasyon an. Sa pèmèt yo pase sezon ibènasyon pwisan e fò, e yo prè pou yo repran aktivite nòmal yo.

Yon bagay ki vrèman senp e bèl sè ke tout bagay sa yo rive fèt otomatikman, san ke Lous nwa a pa bezwen panse avèk yo. Lojikman, yon sistèm biyolojik ki si tèlman konplike, ki si tèlman pafè e ki regle pwòp tèt li, paka devlope etap pa etap ou byen pa chans.


    Bibliyografi:
Fedorov, V.B., A.V. Goropashnaya, et al. 2009. Elevated expression of protein biosynthesis genes in liver and muscle of hibernating black bears (Ursus americanus). Physiol. Genomics 37:108–18.

    Figi de tit:
Black bear.  Photo (WO1927-28) by Mike Bender.
Courtesy of U.S. Fish and Wildlife Service.
 

"Nesesite Lous Nwa yo"
(Originally published in "Creation Matters" as: The Bear Necessities)
<http://www.creationism.org/haitian/CrsCmBearNecessit_ht.htm>

Main:  Kreyòl Ayisyen
www.creationism.org