FROM:  Creation Research Society   
www.creationresearch.org
Creation Matters  • Vol. 15, No. 3 • May/Jun 2010, Pg. 12
Pwason Barreleye
Fèt pa:
Dr. Jonathan C. O'Quinn

Mond la chaje avèk anpil kreyati mèvèye ke fòm ak konsepsyon yo genyen yo dezapwouve tout ide ki di ke se pa chans yo egziste. An nou gade pwason barreleye a kòm yon egzanp.

Barreleye se yon ti pwason tou piti ki mezire kèk pous nan longè k’ap viv nan twou fè nwa byen fon ki mezire ant 2000 e 2600 pye(600 e 800 mèt) de pwofondè. L’ap viv anba lanmè nan yon pwofondè kote limyè solèy la paka rive. Anlè tèt ti pwason sa a kouvri avèk yon manbràn fen e transparan ki plen ak yon dlo klè. Li genyen yon gwo zye ki fikse anlè nan chak bò tèt li. Echafadaj zye li genyen lantiy koulè vè e yo trè sansib a limyè ki soti nan kò lòt pwason k’ap viv nan pwofondè sa avèk yo.

Lè yon pwason barreleye wè yon manje, li woule zye li devan epi li naje monte anlè pou l’al pran manje a. Anpil moun panse ke koulè vè ki nan zye barreleye a se pou bloke limyè solèy la lè li nan yon kote ki pa fon nan dlo a. Ki donk, limy solèy la paka anpeche li wè yon lòt bèt ki genyen kò klere, oubyen silwèt nan ki nan dlo plat. Kouvèti transparan an se pou pwoteje zye pwason an kont pikan ki nan kò lòt ti pwason yo li renmen manje a. An plis, pwason yo rele barreleye a genyen ti zèl ki laj e plat ki pèmèt li flote san li pa souke nan dlo a pandan l’ap vire zye li tou patou nan dlo a pou li chèche manje.

Kòm nou wè tout kote nan lanati, tout kreyati vivan yo genyen anpil fòm konplike ki travay trè byen nan anviwònman espesifik kote nou ka jwenn yo e ke yo paka evolye etap pa etap.


    Bibliyografi
Robinson, B.H. and K.R. Reisenbichler. 2008. Macropinna microstoma and the paradox of its tubular eyes. Copeia 4:780–784.

    Figi de Tit:
Winteria telescopa, a species of barreleye (Opisthoproctidae). From Brauer, A., 1906. Die Tiefsee-Fische. I. Systematischer Teil. In C. Chun. Wissenschaftl. Ergebnisse der deutschen Tiefsee-Expedition 'Valdivia', 1898-99. Jena 15:1–432.
Courtesy of Wikimedia Commons (public domain).
 

"Fèt pa - Pwason Barreleye"
(Originally published in "Creation Matters" as: The Incredible Barreleye Fish)
<http://www.creationism.org/haitian/CrsCmBarreleyeFish_ht.htm>

Main:  Kreyòl Ayisyen
www.creationism.org