Imaj Dinozò ke lòm fè

Dr. Dennis Swift
Akeyològ. Avantirye, Pastè!

 
Dr. Dennis Swift <drdino1@hotmail.com> se yon rechèchè aktif nan syans kreyasyon an. Li vwayaje nan plizyè peyi chak ane, li travay avèk anpil enstitisyon local, e li pran swen li poul anregistre egzistans anpil imaj taye lòm nan fè ki enteresan.


Moun k’ap fè evolisyon yo dakò ke kretyen vivan ka pa janm wè dinozò vivan depi 200 zan pase, ou byen yo kwè nan anpil milyon ane ke yo di tè a genyen an. Kwayans nan anpil milyon ane sa yo ke moun sa yo genyen an nètman kontrè a sa ke la bib ap preche a ke mond la ak tout sa ki ladanl yo genyen sèlman 6000 ane depi yo egziste.

Yo mansyone dinozo nan bib la ak nan ansyan literati anpil peyi. Yo te rele yo dragon.  (Yo te envante mo “dinozò” a nan ane 1840 yo, sa vle di apre ke yo te gentan detwi tout kalite dinozò). Genyen “lejand” dragon yo sonje an Chine, Thailand, Vietnam, Allemagne, Russie, ansyen Rome, peyi ki pale Anglè yo, nan anpil rejyon an Afrik. E yo menm gaye kò yo nan tout Amerik di Nò ak amerik di Sid yo tou. Avan lòm nan (e posibman chanjman anviwonnman yo) te pran anpil milye ane pou yo te fin touye tout dinozò yo nèt, nou toujou genyen prèv ki soti nan tout mond la ke lèzòm te konn wè dinozò (dragon) nan forè.

Imaj sa rankonte yon ti bout nan istwa yo. Fon ti egzamine yo pou kont ou pouw wè. Se pa paske egzistans yo kontrè a kwayans evolisyonè yo ki fè sa vle di ke se bagay ki pa verite nan nati a.Tout bagay sa yo (yo jwenn anpil nan yo nan ane 1940 e 1950 yo) se temwayaj ki pa kenbe yo ye. Remake ke dinozò yo pa ka ranmase lake yo. Evolisyonis yo resi aprann sa nan pwòp obsèvasyon yo sa ke moun ansyan yo te konnen an.

Tèks sa ekri pa Paul Abramson
Koretè a:  www.creationism.org

Imaj © 2003 sa ye se pou Dennis Swift.Tout dwa rezève.
Pa ni utilize ni poste yo san ke li pa ba nou yon pèmisyon ekri.
Kontakte Dr. Swift pou plis enfòmasyon.


 
 
 
Acambaro, Mexico
Dinosaur Figurines

 
Nazca, Peru
Dinosaur Pottery
 

 
"Imaj Dinozò ke lòm fè"
<http://www.creationism.org/haitian/swift_ht.htm>

Main:  Kreyòl Ayisyen
www.creationism.org