Bonbadye Vonvon yo:
La Syans Kopye
sou Dizay Prey

Ekri pa: Thomas F. Heinze


Nou sonje ti bèt la ki rele vonvon an, moun rekonet li akoz de yon ti dlo pwazon li genyen nan kòl poul flite sou ennmi li yo? La Science News (syans enfome) nou ke ti bèt sa a: "Se sou li tout moun kap fè motè, aparèy kap fè medikaman, e aparèy moun etenn dife kopye." ... "Li kapab bay tou bagay ki genyen enèji pou mete nan motè machin, e li menm kondwi a yon nouvo fom aparèy pou etèn dife kap ni pwodwi vapè ni pwodwi gout dlo, depan de ki jan de dife ou vle etèn nan." 1  (Science News, 5 Avril 2008)

Men kijan la Science News esplike koman ti bèt yo rele vonvon an ka fè tout sa nou diw la yo "Kle pou defans pwisan sa ti bet sa genyen an se nan yon ti pati (chanm) ki pou fe antre soti li genyen nan kol. Pati (chanm) pou antre a li pou resevwa tou pwodwi chimik yo ki komanse bouyi menm kote yo kontre ansanm nan, e ki femen li fin resevwa kantite gaz li bezwen an."

Pandan gaz yo ap reyaji, yo bay chalè e yo ogmante presyon ki nan pati (chanm) ki fèmen an. Lè presyon rive nan pwen ki vrèman wo, pati kit te fèmen vin louvri epi likid cho a vin soti avèk yon la fimen anpwazone nan yon pwosesis ki rele “flash evaporasyon”.2

Depi gaz la fin lage, vav deyò a fèmen epi vav anndan louvri, chanm lan ranpli ankò, prepare pou pwochèn sa li pral pouse deyò a. (Science News, 5 Avril 2008)

Poukisa lèzòm kopye kreyasyon BONDYE pou kreye zafè pa yo? Menm sa yo kreye yo pa menm mache. Rezon an se: "paske betiz BONDYE pi saj ke lèzòm e feblès BONDYE pi fort ke lèzòm."  (1 Korint 1:25)

Sistèm pwoteksyon vonvon an bay nou anpil evidans sou plan (ou estrikti) entèlijan men evolisyonis yo fè nou konprann ke se yon aza, chanjman aksidantèl ke yo rele mitasyon, epi lanati jete tout aksidan ki ka pa ka amelyore l. Toujou gen Vonvon ki san sistèm pwoteksyon yo e yo depase vonvon bonbadye yo. selektyon natirèl? Leve!

Nan tout bagay, rechèch syantifik modèn yo di nou syantifik deside kopye sistèm pwoteksyon vonvon pou fè pa yo paske lèzòm jiska prezan pa kapab fè youn ki travay pi byen ke pa vonvon an. M sipoze ke moun kap kopye sa yo pa lòt ke evolisyonis yo ki toujou ap eseye kwè ke "pi bon pilverizate" se te yon yon aza.

      Lanati ranpli ak bèl mèvèy:

-- Gwo boudon myèl ki pote pollen sou zèl yo pou al fè siwo myèl.
-- Gwo bout zandolit ki mache nan mi, nan plafon san li pa tonbe.
-- Foumi yo ki ka pote yon bagay ki 50 fwa pi plis ke pwa yo.
-- MadanSara ki ka bat zèl li yo 40 a 200 fwa chak minit.

Mèvèy tout kote nan mond nou an. An reyalite, BONDYE kreye yon mwayen ki senp e efikas pou sove peche tou. Li te bay pitit Li Jezi, ki te pote peche nou nan san Li sou lakwa pandan krisifiksyon an. Bil la "peye konplètman" e anpil mwazone benefis la, ou kapab tou. Aksepte pèyman BONDYE pou peche nou, kwè Jezi Kris pou sove w, pa menm eseye yon lot mwayen.

Ann kite lespri nou, je nou louvri pou nou wè mèvèy ak kreyasyon BONDYE epi di kreyatè nou an "Mesi". Li menm ki responsab pou tout mèvèy sa yo, e pi bon bagay nou ka fè se kopye yo.


REFERANS:

1 - Science News Magazine, 5 Avril 2008
2 - S.k. ’Flash Evaporation’, http://en.wikipedia.org/wiki/Flash_evaporation
 

"Bonbadye Vonvon yo: La Syans Kopye sou Dizay Prey"
<http://www.creationism.org/haitian/bombardier_ht.htm>

Main:  Kreyòl Ayisyen
www.creationism.org